Decrease Font Size Reset Font Size to Default Increase Font Size

Home / News & Analysis / Special Focus: Crisis in Haiti / Show Solidarity! / UAF Grant Making Information (part 2)

UAF Grant Making Information (part 2)

UAF Grant Making Information (part 2) in Creole

A tout sè nou yo ann Ayiti,

Fon pou Aksyon Ijan nan defans Dwa Imen Fanm (UAF) ap di nou yon gwo bonjou. Non mwen se Saira Hamidi e mwen travay pou pwogram Entèvansyon Rapid nan bay Sibvansyn nan UAF.

Nou ap ekri ou an solidarite apre nou swiv nan nouvèl tout kalite dega tranblemandtè a fè ann Ayiti. Sa fè kè nou mal anpil e nou vle asire nou ke sè nou nan peyi a byen. Anplis de sa, nou ta renmen raple nou ke UAF la gen yon pwogram Entèvansyon Rapid pou li bay sibvansyon nan ka kote sityasyon prezante e nou kapab bay yon asistans. Byenke nou pa kapab bay fon pou asistans imanitè, nou kapab kan menm asiste gwoup fanm nan sityasyon kote vyolans ak konfli ap ogmante. Malerezman, jan nou konnen, vyolans kont fanm se yon bagay ki ogmante souvan apre yon katastwòf natirèl. UAF bay sibvansyon tou pou konsolide sekirite defansè dwa imen fanm e li pote asistans nan afè nan lajistis lè gen posibilite pou sa etabli yon presedans nan kesyon dwa imen fanm. Nou mete avèk lèt sa a yon kopi kategori e kritè pou don sa yo, e nou mete tou yon fomilè pou fè yon demand pou sibvansyon. Pou jwenn plis enfòmasyon, ou kapab konsilte sit Entènèt nou nan adrès: www.urgentactionfund.org (nap mande pou eksize nou pase preske tout sit lan se ann anglè).

Nap mande nou pou nou konnen jan nap panse avèk nou.

An solidarite,

Saira Hamidi

Article License: Copyright - Article License Holder: UAF

Comments

Log in or create a user account to comment.

Related articles

Regions: Caribbean

Topics: Aid effectiveness, Environment

AWID Program:

Type of content: Action alerts/appeals

Comments

Log in or create a user account to comment.